Biwo Pwokirè Eta a nan Konte Broward resevwa sibvansyon federal pou plis pase $745,000 nan lane 2023 a

29 desanm 2023

English   Spanish

Biwo Pwokirè Eta a nan Konte Broward resevwa sibvansyon federal pou $745,860 nan ane ki sot pase a pou ede detounen ak pouswiv devan lajistis krim rayisab yo epi pou envestige ka pònografi timoun yon fason ki pi efikas.

Sa vin fè montan total lajan pou sibvansyon federal ke yo akòde bay Biwo Pwokirè Eta a nan twa dènye ane ki sot pase yo egal a $2,679,878.

Pwokirè Eta a pou Konte Broward la, mesye Harold F. Pryor deklare: “Mwen angaje m pou m defann ak kontinye chèche jwenn finansman pou asire ke avoka mwen yo ak patenè nou yo ki responsab pou ranfòse lalwa gen resous yo bezwen pou konbat krim nan 21yèm Syèk la.”

Sibvansyon pou ane 2023 a gen ladan yo:

$375,860 sou yon peryòd twa lane pou pwojè Smart Prosecution (Pouswit Entelijan) an – Konsantrasyon sou Pònografi Timoun: Objektif sibvansyon sa a se pou ranfòse efikasite ankèt ak pouswit ensidan pou pònografi timoun kap ogmante yo nan Konte Broward la. Ka pònografi timoun ki fèt sou entènèt ke yo anrejistre pou pouswit nan Konte Broward prèske double depi lane 2017, yo soti nan 33 ka pou lane 2017 epi yo pase a 59 ka pou lane 2022. Kantite asiyasyon pou konparèt pou ankèt ke Inite Krim Enfòmatik nou an trete soti nan 372 pou lane 2017 e li pase a 1948 pou lane 2022.

Nap itilize lajan sibvansyon an pou konbat pònografi timoun e pou n fè sa nap ogmante kantite pèsonèl nou genyen nan Inite Krim Enfòmatik nou an kote nap ajoute yon anketè ki eksperimante ak yon asistan jiridik epitou nap achte teknoloji ki nesesè pou envestige ak pouswiv tip ka sa yo yon fason pi efikas.

Sibvansyon an pèmèt tou plis fòmasyon, kolaborasyon ak sansibilizasyon avèk ajans lokal ki ranfòse aplikasyon lalwa yo, òganizasyon kominotè yo ak lekòl yo. Pwojè a ap chèche tou pou l ogmante konfyans piblik la nan sistèm jistis kriminèl la e pou l fè sa lap òganize evènman sansibilizasyon nan kominote a e lap fè distribisyon materyèl edikatif, nan lang Angle, Panyòl ak Kreyòl, pou ogmante konsyantizasyon pami rezidan yo parapò ak pwoblèm ki genyen an ak sou fason pou yo rapòte tip krim sa a bay otorite ki ranfòse aplikasyon lalwa.

$300,000 sou yon peryòd yon lane pou Pwogram Krim Rayisab Matthew Shepard ak James Byrd, Jr. (Matthew Shepard and James Byrd, Jr. Hate Crimes Program) – Finansman Siplemantè: Sibvansyon sa a pèmèt travay Inite pou Krim Rayisab Biwo Pwokirè Eta a nan Konte Broward la, Liy Asistans lan, ak Ekip Travay pou Krim Rayisab la kontinye pou yo ogmante konsyantizasyon piblik la ak rapòte krim rayisab yo epitou pou ede otorite ki ranfòse aplikasyon lalwa yo ak pwokirè yo anpeche ak reyaji fas ak krim rayisab nan kominote nou an.

Sibvansyon an gen ladan lajan pou Biwo Pwokirè Eta a nan Konte Broward ak Biwo Pwokirè Eta a nan Konte Palm Beach pou yo travay an tèt ansanm sou kreyasyon yon ekip travay rejyonal pou krim rayisab. Sibvansyon an gen ladan $80,822 pou manm pèsonèl Konte Palm Beach yo. Pwogram lan enkli tou yon kanpay pou enfòmasyon ak konsyantizasyon kominotè pou toude konte yo, fòmasyon pou pwokirè ki nan toude konte yo, ak pou sipò pou defans viktim yo.

$70,000 sou yon peryòd twa lane pou travay avèk Depatman Lapolis Lauderhill la pou konbat vyolans domestik: Sibvansyon sa a se pou ede sansibilize kominote ki pale Kreyòl la sou vyolans domestik, pou anpeche pou sa kontinye repete, epi pou envestige ak pouswiv devan lajistis ka vyolans domestik yo.

Yo deziyen yon defansè pou viktim lan pou l travay ak ofisye Lauderhill yo epi pou ede viktim vyolans domestik ki pale Kreyòl yo etan yap oryante yo nan pwosesis legal la.

Nan yon lòt inisyativ diferan, manm pèsonèl inite sibvansyon nou yo te travay tou ansanm ak Depatman Lapolis Lauderhill la pou jwenn yon sibvansyon federal pou ede depatman lapolis la itilize ADN pou envestige ka omisid ke yo pa rezoud yo. Byenke Biwo Pwokirè Eta a pa resevwa okenn lajan ki soti nan sibvansyon sa a, nou kwè ke li pral benefisye kominote a epitou li pral ogmante sekirite piblik la paske lap ede rezoud ka omisid ke biwo nou an ap ka evantyèlman pouswiv.

Manm pèsonèl inite sibvansyon nou an te aplike avèk siksè pou sibvansyon federal sila yo kap ede Biwo Pwokirè Eta a akonpli misyon l pou pwomouvwa sekirite piblik ak jistis nan kominote nou an.

2022

  • $1 milyon dola pou sipòte ak amelyore itilizasyon kamera moun mete sou kò yo ak prèv nimerik nan kominote nou an sou yon peryòd twa lane
  • $5,000 pou evènman pou Semèn Nasyonal sou Dwa Viktim Krim nan Konte Broward

2021

  • $300,000 sou yon peryòd twa lane kap soti nan Pwogram Krim Rayisab Matthew Shepard ak James Byrd, Jr. (Matthew Shepard and James Byrd, Jr. Hate Crimes Program) pou ogmante sansibilizasyon piblik la ak rapòte krim rayisab epi pou ranfòse estrateji pou aplikasyon lalwa ak pouswit devan lajistis yo pou anpeche ak reyaji fas ak krim rayisab yo
  • Yon total $1 milyon dola sou yon peryòd kat lane, divize ant Biwo Pwokirè Eta a ak Sant Nancy J. Cotterman (Nancy J. Cotterman Center), pou amelyore entèvansyon jistis kriminèl yo fas ak agresyon seksyèl, vyolans domestik ak krim asèlman atravè revizyon ak amelyorasyon pwotokòl yo, idantifikasyon fay yo, fòmasyon, ranfòsman pwen fò yo ak ogmantasyon ekite rasyal ak etnik. Yo te alwe plis pase $410,000 bay Biwo Pwokirè Eta a.
  • Yon total $300,000 sou yon peryòd de (2) lane, divize ant Inite Egzaminasyon Konviksyon Biwo Pwokirè Eta a ak Pwojè Inosans nan Florida (Innocence Project of Florida) pou egzamine deklarasyon inosans yo ak fè odit nouvo ka yo, baze sou syans demistifye oswa kontestab. Yo te alwe plis pase $218,000 nan sibvansyon an bay Biwo Pwokirè Eta a.

Share this...

MEDIA INQUIRIES: mediarelations@sao17.state.fl.us or 954-831-7910

PUBLIC RECORDS REQUESTS: prrequests@sao17.state.fl.us

Tweets by Broward SAO